Biography- Kreyol

Xavier Cortada for Circuit Judge

cortada-portrait-s.jpg (9685 bytes)Xavier Cortada se youn avoka, ou man-m nan Inivesite Miyami, epi tou li se ou sitwayen angaje nan batay pep depi plis ke di zan.  Li fet nan Albany, Eta New York.  Li vinni viv nan Miyami le li te gen twa zan.  Depi jou sa-a li rete nan Miyami.  Li te lekol nan Miyami High School, li fe kolej li nan Inivesite Miyami, li pran diplom avoka’l ak bizinis la’a tou.


wpeF.jpg (20392 bytes)Cortada se gwo tet Komite Jivenil Dade County Bar Association. Li te chef komite sa’a nan lane 1994-1997.  Misye travay nan pwogram Violans ak Delenkans Jivenil nan Pwogram Prevansyon nan Inivesite Miyami, Sant Detid Lafanmi.  Li travay la’a tou kom youn asistan profese.  Li te koodinate oganizasyon Floridian for Access to Justice, ou pwoje ke The Florida Bar, The Florida Bar Foundation and the Florida Legal Services te mete sou pie pou pwoteje fon federal pou oganizasyon ki rele Legal Services Corporation nan.  Pandan siclon-n Andre ya li te sevi kom Direkte oganizasyon Local Initiative Support Sorporation (LISC) South Dade Development Program  ki batay pou yo pote pwogram kay bon mache nan Sid Conte Dade la.  Le te Direkte Regis House, ki se you sant ki ede jen-n ti adolesan ki pran dwog.

juv-ct-house-s.jpg (51953 bytes)Cortada se youn militan ki pa janm fatige batay pou jistis ak delenkans jivenil.  Li te man-m komite egzekitif Dade County Juvenile Council, li te youn nan gwo tet ki te gen ou wol enpotan nan nivo federal ak minicipal nan travay komite sou zafe jen-n moun ki nan aktiviti gang.  Jodiya, li man-m Advisory Board University of Miami School of Law’s Children and Youth Law Clinic.     Li se youn nan gwo tet ki paticipe nan Voice Project – youn pwogram terapi ki represante ti moun ki pat janm jwen-n moun represante yo anvan, nan tet chaje delenkans ak dwog.

Cortada se youn koken-nshen-n atis ki chaje ak talan. Zev li kanpe sou zafe sosyal ak coze legal.   Tet chaje ki anvayi kay nou tankou: ti moun yo jije tankou gran moun, pwoblem dwog ak alkol, pwoblem imigrasyon, e violans nan fanmi.  Li pote bel pawol li yo nan anpil peyi etranje, le l’al fe konferans nan Ambasad Etazini yo.

Li se youn mam-m nan Miami-Dade County Community Relations Board, en tan ke Chef Komite Forum la.  Epitou, li se youn Direkte nan Spanish American League Against Discrimination (SALAD) e Board of Trustees of the Historical Museum of Southern Florida.   

Cortada resevwa anpil pri: Pri US State Department’s “Millennium International Volunteer Award,” e en 1999 li resevwa pri pou Outstanding Achievement Award of the Florida Association of Volunteer Agencies for Caribbean Action (FAVACA).

 

cortada-logo-m.jpg (19411 bytes)

  Paid political ad for the campaign to elect Xavier Cortada to the Circuit Court.  Approved by Xavier Cortada.